Nou se ayisyen - Klass

Nou se ayisyen - Klass

Альбом
Fè'l Vini Avan
Год
2013
Язык
ht
Длительность
325530

以下は曲の歌詞です Nou se ayisyen 、アーティスト - Klass 翻訳付き

歌詞 " Nou se ayisyen "

原文と翻訳

Nou se ayisyen

Klass

Se nan solèy la mwen benyen

Lè mwen leve lè maten

Nan lawouze m badijonnen

Mwen fyè ke m se Ayisyen

Rasin mwen plante an Afrik

Yo te mennen ladan kou tibourik

Men zansèt mwen te lite

Pou banm libète ak fyète

Frè m ak sè m pinga n reziye n

An nou chèche konn kisa k bloke n

Se vre chenn lan te soti nan pye n

Men nou toujou esklav nan panse n

Pran almanak ann chèch'on dat

Nou bezwen yon lòt milwisankat

Zansèt nou yo te fè li deja

Li nesesè pou n refè l jodi a!

Yo kolonize n plizyè fwa

Sou yo nou toujou jwenn viktwa

Nou se yon pèp ki gen listwa

Nou se yon pakèt grenn ak bwa

Lè pitit mwen mande m papa

Kiyès mwen ye?

Mwen gade li nan je

Ak ponyet mwen konsantre

Mwen di l, «Cherie se Ayisyen w ye!»

Frè m ak sè m pinga n reziye n!

An nou chèche konn kisa k bloke n!

Se vre chenn lan te soti nan pye n

Men nou toujou esklav nan panse n

Pran almanak ann chèch'on dat!

Nou bezwen yon lòt milwisankat!

Zansèt nou yo te fè li deja!

Li nesesè pou n refè l jodi a!

Ayisyen!

Nou se yon sel ras

Yon sel Klass!

Sa nou ye?

Nou se fanmi!

Se sa wi!

Yo kolonize nou plizye fwa

Boure sèvo n ak fatra

Fè n dezakòde!

Sa fè nou diveze!

Men pi vit nou rive aksepte sa

Se pi vit nou pral ka chanje sa

Ann ale!

Toujou toujou sonje!

♫ ♪Nou se Ayisyen!

Se sa nou ye!

Nou fyè nou se Ayisyen!♪ ♫

Nou pa vle sa chanje!

♫ ♪Nou se Ayisyen!

Sa pap chanje!

Nou fyè nou se Ayisyen!♪ ♫

Si yo kolonize nou plizye fwa

Boure sèvo n ak fatra

Pou n dezakòde!

Sa fè nou diveje!

Men pi vit nou rive aksepte sa

Se pi vit nou pral ka chanje sa

Ann ale!

Toujou toujou sonje!

♫ ♪Nou se Ayisyen!

Se sa nou ye!

Nou fyè nou se Ayisyen!♪ ♫

Nou pa vle sa chanje!

♫ ♪Nou se Ayisyen!

Sa pap chanje!

Nou fyè nou se Ayisyen!♪ ♫

Pa bliye lè chay soti sou tèt li tonbe sou zepòl!

Yon sel ras mezanmi!

Yon sel Klass!

Sa nou ye?

Nou se fanmi!

Klass it is baby!

Se fyète nou!

Chante!

Chante!

♫ ♪Nou se Ayisyen!

Se sa nou ye!

Nou fyè nou se Ayisyen!♪ ♫

♫ ♪Nou se Ayisyen!

Sa pap chanje!

Nou fyè nou se Ayisyen!♪ ♫

♫ ♪Nou se Ayisyen!

Se sa nou ye!

Nou fyè nou se Ayisyen!♪ ♫

200万曲以上の歌詞

様々な言語の楽曲

翻訳

あらゆる言語への高品質な翻訳

クイック検索

必要なテキストを数秒で見つけます