Espas - KANIS

Espas - KANIS

  • リリース年: 2017
  • 言語: ht
  • 間隔: 3:31

以下は曲の歌詞です Espas 、アーティスト - KANIS 翻訳付き

歌詞 " Espas "

原文と翻訳

Espas

KANIS

M santi m tris

Men konsyans ak santiman mwen konplis

M konnen m gen tò, raple m tout moun mwen fè enjistis

Pou tout kè m konnen mwen kase

Mizè m fè de moun pase

Tout bon souvni nou efase

M swete n ka met sa nan «le passé «M tankon w vag

M poko la m gentan kite

On jou m rale l, on jou m lage l, on jou m poze, m ajite

Epi m bay vag

Wi se vre

Twòp opsyon m pat konn sa m vle

M te gen foli, pran pòz pleyè, fè tout nèg yo fè kòve

Kounye a se kama, m pran nan drama

Lanmou fè m kouche anba dra

Gad kijan mwen pran nan traka

M tèlman pase yo tout nan fatra

Flap, m pran frap

Epi m wè m lanmou m te fè bak

On ka syèk se te yon etap nan vim kounye an m met pase m nan yon sak

Santiman mwen ap jwe lago kache avè m

Tout efò m fè, konsyans mwen ap goumen avèm oh

Menm si w pa kwè m mwen vle di w tout sa ki nan kè m

Santiman mwen kache ap jwe lago kache avè m

De twazè nan maten m sou balkon m ap panse a ou

Panse ak tout sa m t anvi di w

M pa pè di w mwen pè pou m pèdi w

E si m pat care

Kwè m tap di w tout sa w anvi tande

Tanpri cheri pa tante m m gen move defo, m son w danje

Èks mennaj mwen pa pale avè m

Kominikasyon nou koupe

Li te vle travay relasyon an

Men m pat janm gen tan m te okipe

Ti erè fè gwo efè, twòp ògèy m chaje feblès

M fè mizik pou m jere strès

M ret poukòm pou m pa fè vye jès

E m pa fè pèsonn konfyans

M te bay tout bénéfice du doute

Kounye a mabout, bout

Kenbe kòd la kout

M tankou makout

Nan sans yo tout entimide

Eskize w men m pap bliye

Men imilyem

Konnen m son w balans lespri m ekilibre

Santiman mwen ap jwe lago kache avè m

Tout efò m fè, konsyans mwen ap goumen avèm oh

Menm si w pa kwè m mwen vle di w tout sa ki nan kè m

Santiman mwen kache ap jwe lago kache avè m

Pou mwen lanmou m te domine

Si w pa gen zo w pase w kanpe

Mwen pat gen tan, m pat pèdi tan

Avèk gason mwen pat ret tann

Kounye a mwen bezwen lanmou, mwen bezwen afeksyon ak atansyon yeah

Kounye a mwen bezwen lanmou, mwen bezwen afeksyon ak atansyon yeah

Santiman mwen ap jwe lago kache avè m

Tout efò m fè, konsyans mwen ap goumen avèm oh

Menm si w pa kwè m mwen vle di w tout sa ki nan kè m

Santiman mwen kache ap jwe lago kache avè m

このアーティストの他の曲:

サイト上の新しいテキストと翻訳:

200万曲以上の歌詞

様々な言語の楽曲

翻訳

あらゆる言語への高品質な翻訳

クイック検索

必要なテキストを数秒で見つけます